thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

E SI BONDYE DI OU NON?

Imagem de capa - E SI BONDYE DI OU NON?

Petèt ou te gentan obsève ke moun Bondye chwazi yo nan tan lontan, malgre sa, Bondye pa ba yo chemen fasil.

Nou ka imajine jan te difisil pou Abraram separe de pitit li Ismayèl e voye ale lwen! Epi kòm li espere yon pitit pou 25 an pat dous!

Nou gen Izarak ki te bezwen fouye yon seri de tou pou jwenn sous dlo a, paske chak fwa li jwenn yo, lènmi li yo te vini epi yo bouche sous sa yo. Anplis de sa, li soufri avèg lè  li te granmoun.

Jakòb nan fwa pa l la, te pase yon lòt seri doulè tou. Men, m ta renmen pale de yon jou li te pase tout lannwit nan goumen ak Zanj lan., malgre li te blese li nan goumen sa. Le sa a, se blese li te blese epi pwobableman li te pote mak sa pou tout lavi li.

Li bon pou nou konprann ke gen kèk fwa, Bondye pemèt nou pase kèk soufrans paske li gen yon objektif pi gran nan lavi moun li chwazi yo.

Gad´on Bondye, mezanmi! Li gen yon fason totalman patikilyè pou trete moun pa li yo!

Se pa paske Bondye ka fè tout bagay ke li va fasilite chemen an pou nou. Paran nou yo konnen byen ki sa vle di sa. Si paran nou yo te bay tout sa nou vle epi si yo te fasilite chemen pou nou, pa konsekans, nou tapral move sitwayen nan sosyete a, ki tapral fè tout bagay san lòd, san disiplin, nan lòt sans, nou tapral fè sosyete a tonbe nan kao.

Menm bagay la tou, si Bondye te fè tout bagay fasil pou nou, nou tapral moun san disiplin, fèb e nou pap janm bay valè nan sa li tapral fè nou.

Donk, Bondye Tre Wo a kontinye Bondye lè li geri yon moun oswa lè li va pemèt maladi a kenbe nan moun nan. Li kenbe Bondye lè li delivre yon moun anba lanmò oswa lè li pemèt yon moun mouri. Nan lòt sans, Bondye toujou bon nan tout sa ki rive nou.

Te gen yon fwa ke yon moun ki te gen maladi a rive abòde Jezi e li te di konsa: « Mèt, si ou vle ou kapab geri mwen. » Matye 8:2

Nonm lan te gen konsyans ke se pa toujou ke Bondye fè sa nou vle, paske li se yon Bondye omnisyan, sa vle di, ki konnen tout bagay epi li va aji dapre volonte li ak pouvwa li genyen. Kidonk, nou konnen ke volonte li pafè, bon e agreyab, menm si gen kèk fwa li pa fè nou plezi.

Poutan, Bondye pa la pou reyalize rèv nou yo tankou yon majisyen. Men, lè nou atantif ak pawòl li a, epi nou chache li reyalize pwomès li yo afenke nou ka onore ak reyalize volonte li epi nou aprann mete tout konfyans nou nan li ak konsyans ke li pran swen lavi nou, nap rann nou kont ke li gen tout bagay anba kontwòl li.

Se konsa, nou ka konprann ke tout bagay li pemèt nou travèse se pou byen nou afenke sa ka kopere pou yon bagay pi gran.

Se pou rezon sa a, mwen asepte lè Bondye di m non olye wi, paske m kwè ke nan repons negatif Bondye bay la gen delivrans menm jan an tou.

E ou menm, ou ka viv nan dimansyon lafwa sa a?