Dyab la pa vle ou panse, jis santi …
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Medite nan Jeremi 32:37-42 « 38
Lè sa a, yo menm y’a tounen pèp ki apa pou mwen an ankò, mwen menm m’a tounen Bondye yo ankò. 39 Sèl lide m’ap mete nan tèt yo tout, sèl anvi m’a ba yo tout, se pou yo gen krentif pou mwen tout tan. Se va pou byen yo ak pou byen pitit pitit yo. 40 M’ap pase yon kontra ak yo ki p’ap janm kase. M’ap pran angajman mwen p’ap janm lage yo. Mwen p’ap janm sispann fè yo byen. Wi, m’a fè yo gen krentif pou mwen ak tout kè yo. Konsa, yo p’ap janm vire do ban mwen ankò. 41 M’a pran plezi pou m’ fè yo byen. M’a travay ak tout kè m’ ak tout nanm mwen pou yo pran rasin nèt nan peyi a. 42 Seyè a di ankò: Menm jan se mwen menm ki te fè gwo malè sa a rive pèp la, konsa tou, se mwen menm ki pral ba yo tout bon bagay mwen te pwomèt m’ap ba yo. » (Jeremi 32:38-42)