DIFERANS ANT MOUN KAP MACHE DWAT AK MOUN KI FÈ SA KI MAL
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
An jeneral, kretyen yo konn onore Rachèl paske se li fanm Jakòb te renmen anpil la epi yo konn meprize Leya kòm si li yo move moun kòm si li te koupab pou te twonpe Jakòb ki se te yon bagay Papa li fose li fè. Pou nou di sa ki bay laverite, Rachèl pat gen yon bon karaktè, malgre li pi bèl deyò a, andan li te mechan. Si nou analize byen fon nou ka wè ke li twonpe papa li paske li te kenbe zidòl papa li yo e kache nan tant li an, lè papa li te vini pou kenbe sa ki pou li ankò, li kenbe zidòl yo ak kache anba rad li yo epi se sa ki fè, li te twonpe papa li ankò. Pa konsekans, san li pa konnen, paske li te kwè ke piyès moun nan karavan li an ta gen kouraj pou fè sa, men Rachèl te fè li epi Jakòb te voye yon madichon pou moun ki te volè zidòl Laban yo, sa se rezon poukisa li te fè sèlman 2 pitit, li te mouri jèn epi yo antere li nan chemen an, san okenn gwo onè tankou yo te fè ak Leya. Rachèl te gen pitit beni, men li menm akòz de sa li pat jwenn menm benediksyon:
Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an. Egzòd 20:12
Bondye te kite anrejistre nan bib la istwa Leya ak Rachèl pou nou ka konprann byen sa li te di nan liv Malachi a:
Lè sa a ankò, n’a wè diferans ant moun k’ap mache dwat ak moun k’ap fè sa ki mal, ant moun k’ap sèvi Bondye ak moun ki p’ap sèvi l’. Malachi 3:18
Leya te sèvi Bondye Abraram lan, Rachèl pa fè menm bagay si nou analize istwa yo byen fon.
Ann gade videyo ki anlè a pou n bay limyè nan tèt ou pou ou konprann sa pi byen…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris