DEZI LEMONN
Lè nou vle yon moun konprann yon bagay, fòk nou pèsevere nan yon agiman jiska moun kap tande nou yo konprann.
Nan menm prensip sa, nou ka wè poukisa plizyè moun ki fè travay pou Bondye, evèk, pastè, ouvriye, dirijan, etc., kap tonbe nan chemen, yo pèsevere an nouri KÈ yo avèk santiman, dezi e enklinasyon pou bagay lemonn. Lè sa a, apre yo abandone travay Bondye pou fè wout yo, gen kèk moun ki rete nan legliz ki fikse je yo sou siksè aparan moun sa yo, san yo pa wè konsekans terib nan moman yo vin rekòlte sa yo te plante. Kidonk, menm desten moun ki vire do bay Bondye sa yo genyen, moun ki fikse je sou yo genyen tou.
Lèfini, moun ki kenbe ak kè pwòp e netwaye ap soti byen atravè aksyon Sentespri a paske yo gen krentif pou Senyè a.
Se paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal. Yon moun k’ap fè sa ki mal gen dwa fè san (100) krim, yonn sou lòt, epi l’ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w’ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye. Eklezyas 8:11-12
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris