BonDye vle sèvi ak moun ki adore L' vrèman tout bon...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Jan 4:23-24
« 23 Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k’ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. 24 Bondye, se Lespri li ye. Tout moun k’ap sèvi l’, se pou yo sèvi l’ nan lespri yo jan sa dwe fèt la. »
Pwovèb 6:20-23:
« 20 Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. 21 Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. 22 Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w’ap fè. Y’ap pwoteje ou lè w’ap dòmi lannwit. Y’a ba ou konsèy lè je ou klè. 23 Pawòl sa yo ap tankou yon lanp pou ou. Sa yo moutre ou ap tankou yon limyè nan lavi ou. Lè y’ap korije ou, lè y’ap rale zòrèy ou, se moutre y’ap moutre ou chemen lavi. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris