BonDye pwomèt fè pòv malere beni, tankou Li fè dezè ak tè sèk fleri...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Jenèz 2:18
« Seyè a, Bondye a, di ankò. Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M’ap fè yon lòt moun sanble avè l’ pou ede l’. »
Ezayi 35:1
« Dezè ak tè sèk pral kontan yon sèl kontan. Savann yo pral kontan tou, yo pral fleri. »
Sòm 113:7-9
« 7 Li bay pòv malere a men pou fè l’ leve soti nan pousyè a. Li wete l’ nan mizè.
8 Li fè l’ chita menm kote ak chèf yo, wi, sou menm tab ak chèf pèp li a.
9 Li bay fanm ki pa ka fè pitit la yon fanmi. Li fè kè l’ kontan lakay li, li ba l’ pitit. Lwanj pou Seyè a! »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris