thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BONDYE PAP JANM MEPRIZE MOUN KI SOUMÈT TÈT LI DEVAN LI

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

David te anseye nou yon bagay pou nou pap janm bliye: Ou mèt fè sa ou vle pou Bondye, travay nan legliz, fè evanjelizasyon, bay ladim, bay ofrann, chante nan koral, dirije legliz la, kèlkeswa bagay ou mèt fè, sepandan, si ou vle kontinye nan peche, oswa pran pòz yon bagay sèlman pou montre bèl devan tout moun, tout sa ou fè pou Bondye pa itil anyen nan je li.

Seyè mwen, mete pawòl nan bouch mwen pou m’ ka fè lwanj ou. Si se bèt ou ta vle yo touye pou ofri ou, mwen ta ofri bèt ba ou. Men, ou pa pran plezi nan vyann bèt y’ap boule ofri ba ou yo. Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p’ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li. O Bondye, fe anpil byen pou mòn Siyon, paske ou gen bon kè. Rebati miray lavil Jerizalèm yo. Se lè sa a w’a pran plezi nan ofrann bèt ou mande pou yo touye pou ou yo, nan vyann bèt ak lòt ofrann y’ap boule nèt pou ou yo. Se lè sa a y’a ofri jenn towo bèf sou lotèl ou a. Sòm 51:15-19

Se sèlman apre ou fin vini imilite nan pye li, renonse tout sa ki pa fè li plezi, soumèt tèt ou ak rekonèt tò ou te fè ki va fè Bondye resevwa ou atravè sa ou ofri ba li. Tèlman sa enpòtan ke Senyè Jezi te anseye nou sa:

Konsa, si lè w’ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè: Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an. Matye 5:23-24

Tout bagay sa yo paske Bondye pa lezòm. L ap chache moun transparan nan tout sa yo fè, ki pa nan bay manti avèk konpòtman yo:

Men, lè a ap rive, li rive deja: tout moun k’ap sèvi tout bon yo pral sèvi Papa a nan kè yo jan sa dwe fèt. Se moun konsa Bondye vle pou sèvi li. Jan 4:23

GADE VIDEYO KI ANLÈ A POU KA RESEVWA LIMYÈ NAN TÈT OU SOU TÈM SA…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo