BonDye mande nou goute Pawòl Li...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Malachi 3:10
« Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l’, pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p’ap kenbe pawòl mwen vre. n’a wè si mwen p’ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p’ap vide benediksyon sou nou an kantite. »
Sòm 34:8
« 8 (34:9) Goute, n’a wè jan Seyè a bon! Ala bon sa bon pou moun ki jwenn pwoteksyon anba zèl li! »
Jan 15:7
« Si nou fè yonn ak mwen, si nou kenbe pawòl mwen yo nan kè nou, nou mèt mande sa nou vle, y’a ban nou li. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris