thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BONDYE CHWAZI MOUN MOND LAN KONN MEPRIZE YO

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Jakòb te meprize Leya pwobableman paske li pat ranpli egzijans sosyete alepòk sa nan sans bote. Anplis de li tonbe danmou pou Rachèl. An jeneral, moun ki meprize yo pa gen pèsonn pou yo, nan lòt mou, yo genyen sèlman Bondye pou yo te ka chache. Se egzakteman sa ki fè moun konte sèlman sou Bondye, se sa ki fè Senyè a priyorite nan lavi li, se sa ki fè yo jwenn repons nan men li, tandiske lòt moun ki pa santi yo meprize kite Bondye kòm denyè opsyon:

Lè Seyè a wè jan Jakòb pa t’ renmen Leya, li fè l’ fè pitit. Men, Rachèl pa t’ kapab fè pitit. Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m’ap soufri. Koulye a, mari m’ va renmen m’. Se konsa li rele l’ Woubenn. Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m’ yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m’ pa renmen m’ menm. Se konsa li rele l’ Simeyon. Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m’ pral rete avè m’ nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l’ Levi. Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m’ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l’ Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit. Jenèz 29:31-35

Nou ka obsève ke Bondye konnen ak wè tout bagay. Li te wè jan Leya meprize ak jan li te vini nan pye Bondye pou l jwenn solizyon ki se yon bagay nou pa wè nan Rachèl.

Se pa kesyon merite oswa pa. Men se kesyon de senserite. Malgre sosyete a meprize ou, abandone ou, Bondye gen je sou ou ki sense epi li gen je sou ou ki mete tout espwa nan li.

Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l’ fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l’ fè grannèg yo wont. Li chwazi moun lèzòm gade pou anyen, moun yo meprize, moun ki pa menm egziste pou yo, pou li te ka kraze sa ki gen enpòtans pou moun k’ap viv dapre lide ki nan lemonn. Konsa, pa gen moun ki ka fè grandizè devan Bondye. 1 Korent 1:27-29

Ann antre fon nan sijè sa, gade videyo ki anlè a ki klere sa pou ou…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo