BonDye ban nou gwo lapli loraj pou yo p'ap janm pase nou nan betiz ankò...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Jowèl 2:23-27
« 23 Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loraj ak lapli nan sezon prentan, jan l’ te konn fè l’ anvan an.
24 Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre.
25 M’a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.
26 Nou pral manje plen vant nou. N’a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p’ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
27 Lè sa a, n’a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la. Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Pa gen tankou m’. Yo p’ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò. »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris