thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BONDYE AVÈK LEZÒM

Imagem de capa - BONDYE AVÈK LEZÒM

Moun ki pase nan lavil Sao Paolo gen kondisyon pou yo gade Tanp Salomon, men malerezman, se ti kras moun ki fè anpil atansyon ak bay valè li merite kòm yon kado Bondye pou fè tout moun konnen grandè li ak jan li montre lanmou ak swen pou beni ak pwoteje zòn ki pi gen plis aktivite nan Brezil.

Nan mwa Jiyè 2014, yo te resi konkli konstriksyon Tanp Salomon. Bondye te bay Moyiz premye pwojè, lè li te nan dezè a. Lè sa a, yon bon ti tan pi ta, Bondye te bay Wa Davi la achitekti Tanp lan ki soti nan lide Senyè a. Kounye a, Bondye te enspire evèk Edir Macedo pou fè yon gwo tanp ki fè nou sonje sa yo te fè nan pase a, afenke pèp la te ka gen nan memwa yo lafwa Abraram lan atravè konstriksyon sa.

Lè yo te inogire Tanp lan te gen fèt nan kominote Izrayèlit, nan sektè evanjelik epi tout otorite brezilyen yo te patisipe kote yo tout chante Im nasyonal la.

Privilèj pou mete pye nan wòch ki te soti nan peyi Izrayèl ki se Tè Sent lan, paske Tanp Salomon te genyen pati eksteryè li avèk wòch espesyal sa, epi sa remèt nou nan grandè Bondye Tre Wo a. Sepandan, tout bagay sa yo pat fèt pou lezòm tounen vini awogan, men yo fèt pou onore NON BONDYE TRE WO A.

Moun ki viv pa lafwa yo rekonèt volonte Bondye pou ban nou yon kote apa konsa pou nou chache li ak fè yon gwo esperyans tankou ekri nan bib la:

Seyè, Bondye m’, tanpri, se sèvitè ou mwen ye! Tanpri, tande jan m’ap lapriyè nan pye ou. Koute jan m’ap rele nan zòrèy ou jòdi a. Tande jan m’ap rele, jan m’ap lapriyè nan pye ou. Lajounen kou lannwit, voye je ou sou tanp lan, tanp kote ou te di w’ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m’ap fè nan pye ou. 2 Istwa 6:19-20

Nan lòt bò a, gen moun kap vini nan Tanp lan kòm si li se yon kote pou kèlkeswa randevou touristik, san okenn reverans ak krentif epi yo pa jwenn anyen nan Bondye paske yo pat prezante bon jan lafwa ki fè moun nan ale jiska lotèl Bondye a ak fè yon alyans avèk li. Sa ki te manke pou plizyè moun se depoze lavi yo totalman nan men Bondye, manke pou anpil moun mete li anvan tout bagay nan lavi yo.

Anfen, Tanp lan se pa yon kote pou ou jwenn zanmi ou yo, men li se yon kote pou nou chache Bondye ak tout fòs kè nou epi fè sèvis pou onore li jan li merite.

Ala kontan mwen te kontan lè yo di m’:  Ann ale lakay Seyè a.  Sòm 122:1