BON JAN LAFWA ODASYE KI RANN REZILTA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Sa ki manke nan lavi anpil moun rele odas ak revòlt pou vini jwenn Bondye e egzije dwa yo genyen nan pwomès Bondye a pou yo ka soti anba gwo chay ak traka yo viv nan lavi a. Ann gade pwomès li te fè pou tout moun san eksepsyon:
Lè ou nan tray, rele m’, m’a delivre ou. W’a fè lwanj mwen. Sòm 50:15
Se poutèt sa, si ou vle li reyalize nan lavi ou, men yon konsey: Vini nan pye Jezi e avèk tout fòs ak odas deklare sa – Bondye kijan pou m fè konnen si sa ki ekri a la se yon bagay ki vre si m nan tray sa e li pa reyalize nan lavi m? Bondye renmen sa. Li renmen wè bon jan lafwa odasye ak revòlt kont sa ki pa dakò ak pawòl li a. Si li wè senserite andan tèt ou, repons pa pran anpil tan pou li rive.
Gade videyo a pou ou aprann plis sou sa…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris