BON JAN LAFWA KONFWONTE PA KOWONAVIRIS LA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lafwa se yon konviksyon kote ke menm si lemonn antye te ka vini e sèvi ak nenpòt agiman, menm si agiman sa yo rezonab, yo pa ka retire asirans ou mete nan tèt ou. Nan moman pandemi a, plizyè moun egare ap konfwonte lafwa nou ap mande « si Bondye wap sèvi a reyèlman egziste, poukisa li kite kowonaviris sa fè ravaj nan mond lan? Ou mèt wè yo fè kalite kesyon sa ap vini bò kote nou kòm enstriman Satan pou mete doutans nan tèt nou. ATANSYON, Grandyab la te fè sa avèk Senyè Jezi e li te eseye fè li tonbe an tantasyon, malgre li te konnen ke sa te enposib li reyisi nan sans sa, devan Pitit Bondye a, imajine ou menm si li pap fè sa avèk nou. Ann medite sou sa, ann kontinye antre fon nan sijè a.
Apre sa, grandyab la mennen l’ lavil Jerizalèm. Li mete l’ kanpe sou pwent fetay tanp lan. Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y’a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.
Matye 4:5-6
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris