thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BON JAN LAFWA KI RANN NOU KÈ POZE POU TOUTAN

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Kè poze Bondye ofri ban nou se pa tankou mond lan ofri bay moun ki viv dapre prensip li yo. Nan mond lan, moun yo konn santi yon bagay kòm si yo bliye konsekans peche, lè yo distrè nan bwason, bal, dwòg, etc. Apre, konsyans yo vin frape li ankò, paske yo pa gen vre lapè. Li posib sèlman atravè lafwa nan Senyè Jezi a ki te konkeri sa sou bwa kalvè a. Paske tout moun fè peche nou tout gen pou mouri ak resevwa kondanasyon. Sepandan, atravè sa Jezi te fè a nou resevwa jistifikasyon pou tout sa nou fè ki mal epi li mete nou nan kondisyon moun ki merite devan Bondye.

Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Women 5:1

Kidonk, jistifikasyon sa posib lè nou aplika pawòl Bondye a nan lavi nou. Donk, se jistifikasyon sa a ki ban nou kè poze, sa vle di, konsyans pwòp, trankil ki deplase laperèz pou mouri oswa sou avni nou. Menm si deyò a nap travèse yon gwo tanpèt, sepandan, andan tèt nou, nou anfòm poutèt lafwa sinatirèl nou prezante devan Bondye.

Gade videyo ki anlè a pou ou gen plis konpreyansyon osijè sa…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo