BON JAN LAFWA KI ONORE BONDYE TRE WO A
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Si gen yon bon jan lafwa ki onore Bondye ak fè li plezi se sa nou wè nan liv Danyèl chapit 3, kote twa mesye te refize tonbe ajenou devan yon gwo estati Wa Babilòn an te leve pou tout nasyon yo adore. M panse ke ou konnen byen istwa sa a, men sa ki atire atansyon nou se nan sa yo te di Wa a, lè yo san pè santans yo ta ka resevwa montre ke lafwa nan Bondye Izrayèl la yo pa negosye. Ann antre fon nan bèl leson de vi sa…
Chadrak, Mechak ak Abèdnego reponn, yo di wa Nèbikadneza konsa: -Monwa, nou p’ap eseye defann tèt nou. Si Bondye n’ap sèvi a ka wete nou nan gwo fou tou limen an, si li ka delivre nou tou anba men ou, l’ap fè l’. Men, menm si li pa vin delivre nou, monwa, nou tou di ou nou p’ap adore bondye pa ou yo, ni nou p’ap mete ajenou devan estati lò ou te fè fè a.
Danyèl 3:16-18
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris