BON JAN LAFWA KI FÈ OU YON MOUN OBEYISAN
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Bon jan lafwa se yon kalite lafwa ki ba ou rezilta. Sètadi, li se youn ke depi ou obeyi sa ki nan pawòl Bondye a, li rann ou pwomès ki ladan li yo. Se konsa, paske majorite moun manifeste lafwa emosyonèl, se sa ki fè yo gen sèl santiman ak sansasyon, men ki pa pouse yo mete lafwa an aplikasyon menm jan ak sa ki nan sakre ekriti yo. Bon jan lafwa gen sakrifis ladan li epi se enposib ou sakrifye san ou pa obeyi. Se obeyisans ki mennen ou aji lafwa, sa vle di, pratike sa ki nan pawòl Bondye epi pou ou fè sa, sa egzige ou fè sakrifis. Premye sakrifis fò ou fè se ou nye volonte ou yo pou ou fè volonte Bondye a. Ann fè yon chita pale sou sijè a…
Men sa ki ekri nan Liv la: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, se poutèt sa Bondye fè l’ gras. Women 4:3
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris