BON JAN LAFWA KI FÈ OU GENYEN TOUT BATAY
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Moun ki gen bon jan lafwa kenbe fèm nan moman alèz ak nan moman tanpèt yo tankou sa nap pase nan jounen jodia, ki se yon bagay ki tonbe sou tout moun gran kou piti, rich kou moun ki pòv. Diferans ki genyen an se ke moun ki gen bon jan lafwa konnen kiyès ki se Papa yo a, yo byen konnen ak gen konviksyon ki tout bagay sa yo va pase. Lèfini, nan lafen tout bagay sa yo, yo ap soti pi fò epi yo ap jwenn plis fòs pou goumen nan pwochen batay. Ann fé yon ti pale sou sa…
Paske, depi se pitit Bondye ou ye, ou kapab genyen batay la sou lemonn. Men ki jan nou fè gengen batay la sou lemonn, se paske nou gen konfyans nan Bondye. Ki moun ki ka genyen batay la sou lemonn? Se sèlman moun ki kwè Jezi se pitit Bondye a.
1 Jan 5:4-5
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris