thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BON JAN LAFWA KI BA OU REZILTA

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nou wè anpil moun antre, anpil moun soti legliz epi genyen pastè, evèk, dirijan, moun ki chante,etc. ladan li tou. Poukisa? Paske nan plizyè legliz, yo ankouraje moun nan emosyon, yo simante lafwa yo nan sa yo santi. Lè sa a, yo santi byen devan mizik, lè yo danse, nan moman adorasyon, sepandan, lè moman detrès ak tribilasyon vini, sa vle di, lè yo bezwen antre nan dezè a ki se yon bagay Senyè Jezi di ke tout moun tapral travèse, santiman yo oswa lafwa emosyonèl ak natirèl yo pa gen okenn baz pou fè yo kanpe devan tout sitiyasyon sa yo. Sèlman atravè lafwa Sinatirèl ki se yon kalite lafwa ki fè nou konnen sa ki nan pawòl Bondye a, apre sa, imedyatman nou aplike li nan lavi nou epi sa pa depann si ou santi ou byen oswa si ou santi ou mal, se obeyi ou beyi li e pwen final. Se konsa, nou ka resevwa rezilta nan pwomès Bondye a. Se konsa, nou ka delivre tèt nou pou nou viv ansanm avèk Jezi nan lavi ki pap janm fini an.

M’ap mete souf mwen nan yo, m’ap fè yo tounen vivan ankò. M’ap fè yo tounen nan peyi pa yo a. Lè sa a, y’a konnen se mwen menm Seyè a ki pale. Sa m’ te di m’ap fè a, m’ap fè l’ vre. Se Seyè a menm ki di sa. Ezekyèl 37:14

Men pou tout bagay sa yo fonsyone pou ou, fò ou resevwa souf Bondye a, ki se Sentespri a. Sèlman li kapab fè yon moun kite zosman sèch, kadav ki se kò san lespri, pou li tounen vini yon gwo lame ki ka glorifye Non Senyè sou latè a.

Lè sa a ankò, n’a wè diferans ant moun k’ap mache dwat ak moun k’ap fè sa ki mal, ant moun k’ap sèvi Bondye ak moun ki p’ap sèvi l’. Malachi 3:18

Ann aprann plis sou sa nan videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo