thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BLE A OSWA MOVE ZÈB YO?

Poukisa plizyè moun abandone travay Bondye apre kèk tan?

Imagem de capa - BLE A OSWA MOVE ZÈB YO?

Poukisa gen anpil moun ki abandone travay Bondye depi kèk tan? Poukisa yo pat soti lè yo fin antre? Poukisa yo espere pliske 10 an pou yo abandone zèv la?

Sa fè nou sonje sa ki ekri nan liv Matye 13:24-43 – Parabòl ki pale sou ble ak move zèb yo.

Nou konn toujou gade kalite ki nan ble yo epi nou pa atantif  pou plizyè karakteristik ki nan move zèb yo kote nou konnen ki se plis pase yo pa koubi do yo.

Ann gade ak antre fonn nan sijè sa:

Nan komansman, move zèb yo sanble anpil ak ble, sa vle di, lè moun yo komanse nan travay Bondye yo sanble tout moun parèy.

… se tankou yon moun ki te simen bon grenn nan jaden li. Matye 13:24

Lè ble a vin pi gran, li gen koulè pi klè kote ke move zèb yo vin pi fonse. Se sa ki pase nan lavi anpil moun ki fè travay pou Bondye. Olye yo amelyore, yo tounen vini pi mal chak jou.

Pa gen anyen ki ka anpeche move zèb yo grandi ansanm avèk ble a, pa gen anyen yon agwonòm ka fè pou li te ka anpeche sa, li ka sèlman obsève.

…Mèt, se pa bon grenn ase nou te simen nan jaden ou lan? Matye 13:27

Menm jan an tou pa gen kondisyon pou nou konnen si yon moun se yon move zèb oswa ble lè yon responsab legliz bay yon moun pozisyon kòm pastè, evèk, ouvriye, etc.

Move zèb yo konn kreye rasin ki pi fon nan tè a, sa ki fè li difisil pou rache li depi rasin nan. Men, sa pa pase ak ble ki se fasil pou retire li. Konsa tou, plizyè pastè oswa yon responsab yon travay konn aji mal lè yo bezwen chanje paske yo kreye rasin kote yo ye a. Pou kalite moun sa yo, tout bagay difisil anpil epi yo bay pwoblèm nan travay Bondye.

Rasin move zèb yo anbrase rasin ble a epi se pou rezon sa a, yo pa ka retire li ansanm.

Li reponn yo: Se yon lènmi m’ ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n’ al rache move zèb yo? Matye 13:28

Move zèb yo retire nouriti ble a. Se konsa ki genyen anpil moun ki fè zèv Bondye tankou move zèb, yo vle sèlman sa ki benefisye yo. Paske si yo pat nan zèv la, yo pat janm resevwa sa yo genyen an.

Lè yo prese move zèb yo, yo pa gen anyen ladan li, yo gen sèlman payi. Sa vle di ke yo pa donnen fwi, menm jan an tou se moun ki montre fo fwi, yo soti nan lachè a epi lè yo pase presyon, yo devwale kiyès yo ye vreman.

Plis tan move zèb yo la, se plis li di, tandiske ble a pa di, yo ap fasil pou ou manyen li. Se poutèt sa, lè nou gen moun ki reprezante ble nan zèv Bondye a, yo byen fasil pou travay ansanm avèk yo. Kote yo rive a yo donnen, men move zèb yo santi yo mal.

Majorite move zèb yo, se soti nan kaka zanimo ki konn manje li epi yo fè kaka nan kote ki gen ble a.

Li reponn yo: Se yon lènmi m’ ki fè sa. Travayè yo mande li: Ou pa ta vle n’ al rache move zèb yo? Matye 13:28

Malerezman, nou wè ke gen moun ki se pwòp dyab ki te plante yo pami moun ki dwat nan travay Bondye.

Semans move zèb yo pwazonen epi se pou rezon sa nou bezwen fè separasyon. Menm jan ke Bondye toujou fè separasyon e retire moun ki gen pwazon nan lang yo, sa vle di, lang yo byen file pou fè sa ki mal e Bondye pa asepte sa. Yo konn reklame sou tout bagay, yo gen malis kache nan je epi yo vle kontamine moun ki pou Bondye yo.

Yo konnen move zèb sa kòm ble ilejitim nan sektè agwonòmik la. Jezi te di ke moun ki rete lakay se pitit yo, men moun ki pitit pa lejitim pa rete la pou toutan.

Move zèb yo pa donnen anyen, li pa sèvi pou bay zanimo manje paske si nou fè sa yo va kontamine tè a. Se sa nou wè nan moun ki move zèb yo ki pa donnen anyen epi si yo fè disip, se move zèb ki soti nan yo tou!

Sèlman moun ki konnen idantifye e fè diferans ant move zèb ak ble kapab fè separasyon sa:

Lènmi ki simen move zèb yo, se Satan. Sezon rekòt la, se lè tout bagay va fini nèt la. Moun k’ap ranmase rekòt la, se zanj Bondye yo. Menm jan yo te rache move zèb yo pou jete yo nan dife a, se konsa tou sa pral rive, lè tout bagay va fini. Moun Bondye voye nan lachè a va voye zanj li yo pou yo wete tout moun k’ap fè lòt moun fè peche, ansanm ak moun k’ap fè sa ki mal. y’a mete yo deyò nan Peyi kote l’ Wa a. Matye 13:39-41

Senyè Jezi di ke nan lafen, zanj yo va fè separasyon sa, epi sa montre nou ke vreman nou pre pou rive nan lafen.

Gen kèk fwa nou wè karakteristik move zèb nan yon moun kote ke volonte nou se rache yo, sepandan, sa se pa travay pa nou, se pou Bondye li ye, kidonk nou ka ret ak kè poze.

Yo ka retire move zèb yo sèl nan moman ble a donnen:

Kite yo grandi ansanm jouk lè rekòt la va rive. Matye 13:30

Konsa tou se travay Bondye a, plis nou genyen nanm pou Bondye, se plis l’ap retire move zèb pami nou. Yo te mèt grandi ansanm, men ap vini moman pa yo, se poutèt sa yo kite kèk tan pase.

Inik benefis move zèb pami nou se ke atravè yo nou ka idantifye moun ki ble a tout bon.

Jiska nan detay sa nou ka wè swen Bondye ak moun pa li yo nèt!

Nou gen anpil moun kòm ble pami nou, gras a Dye pou sa, paske se li menm ki te plante yo. Se konsa, nou gen plen konviksyon ke moun ki te abandone travay Bondye a pou nenpòt kisa se paske Bondye pat plante yo epi nan moman yo soti a se moman ble a te donnen.

Ann kenbe nan lafwa sa a!