BENEFIS TRIBILASYON
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Koulye a, paske nou gen konfyans nan Bondye, Bondye fè nou gras, n’ap viv san kè sote ak Bondye, gremesi Jezikri, Seyè nou an. Paske nou gen konfyans nan li, Jezi fè nou antre nan favè Bondye. Epi n’ap kenbe fèm kote nou kanpe a. Nou pa manke kontan paske nou gen espwa resevwa pa nou nan pouvwa Bondye a ansanm avèk li. Nou pa manke kontan menm lè n’ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n’ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa. Rom 5:1-4
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris