thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

Benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen!

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

« 29 Jezi di li: Koulye a, se paske ou wè m’ kifè ou kwè? benediksyon pou tout moun ki va kwè san yo pa wè mwen! » (Jan 20:29)

« 9 Nan dimanch maten, Jezi te leve soti vivan nan lanmò. Premye moun li te fè wè li, se te Mari, moun lavil Magdala a. (Se sou li Jezi te wete sèt move lespri.) 10 Mari al pote nouvèl la bay moun ki te konn ak Jezi yo. Yo te nan lapenn anpil, yo t’ap kriye. 11 Men, yo pa t’ vle kwè Mari, lè l’ te di yo: – Jezi vivan, mwen wè l’ ak de je mwen. 12 Apre sa, Jezi te parèt yon lòt jan ankò devan de nan disip yo, antan yo te nan chemen pou ale andeyò. 13 Yo tounen sou chemen yo vin fè lòt yo konn sa. Men, lòt yo pa t’ ankò vle kwè toujou. 14 Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t’ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t’ gen konfyans, yo t’ap fè tèt di toujou, yo pa t’ kwè moun ki te wè l’ yo apre li te leve soti vivan pami mò yo. » (Mak 16:9-14)

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo