thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BENEDIKSYON KI FÈ NOU RICH NAN JE BONDYE

Benediksyon Bondye pa bay moun doulè ak soufrans...

Imagem de capa - BENEDIKSYON KI FÈ NOU RICH NAN JE BONDYE

Ann gade sa:

Benediksyon Bondye bay moun richès. Ou te mèt travay di ou pa ka mete anyen sou li. Pwovèb 10:22

Lè nou mande Bondye kèk benediksyon, touswit li tande nou, nan lòt bò a, dyab la gen zorèy pou tande nou tou.

Gen moun ki konkeri kèk bagay ki nan komansman yo sanble yon benediksyon ki soti nan men Bondye, tandiske an reyalite, yo se pwòp madichon ki soti nan men dyab la.

Maryaj la, negòs, moun ki moute nan pouvwa, travay, etc… bagay ki fè kè yo kontan nan komansman, apre sa, yo te rann yo sèlman tristès ak dlo nan je.

Benediksyon ki soti nan Bondye ban nou kè poze, lafwa ak konviksyon paske li soti nan sous lafwa ki se Bondye.

Malgre moun yo konn sèvi ak mo benediksyon pou bagay ki se kóm yon pelen pou yo tonbe ladan li nan lavni, nan lafen yo ba genyen sèlman tèt chaje, paske yo soti nan men Satan.

Dyab la te vle twonpe Senyè Jezi nan dezè a (Matye 4:1-11)

Nan jounen jodia, gen divès moun ki twonpe tèt yo akòz « fo benediksyon sa » ki rann yo doulè ak soufrans.

Donk, sèl moun ki kapab fè nou gen disènman sou sa ki benediksyon e sa ki madichon se Sentespri a.

 Men, li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Jan 16:13