BENEDIKSYON DEPANN SOU "BA M, MAP BA OU"
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Lavi ak Bondye se pa sèlman ou di nan bouch, ou fè li konfyans oswa ou frekante yon legliz. Sa se rezon poukisa nou wè plizyè moun ki priyorite rityèl ak koutim lezòm, men yon pat jan fè yon esperyans avèk Senyè Jezi a. Lavi avèk li se sa, « ba m, map ba ou », sètadi, ou ofri 100% lavi ou ba li – ou renonse peche ou yo, volonte, dezi lachè, renonse moun deyò maryaj la, imoralite, sispann bay manti, e tout bagay sa yo pou obeyi sa li mande ou fè a. Lè sa a, Li va ofri ba ou 100% sa li ye a ak sa li genyen an, soti nan ou resevwa sa ki pi wo ki se batèm nan Sentespri a, kote pwòp Bondye fè kò ou abitasyon, jiska yon lavi abondan sou latè, e nan lafen, nan lòt bò a, lavi ki pap jan fini an. Bondye pa ban nou moso nan sa li gen pou bay la, se poutèt sa li pa asepte moso lavi nou. Avèk Bondye se konsa: se tout bagay soti nan nou pou nou resevwa tout bagay soti nan Bondye. Ann antre fon nan sijè a.
Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen, li va jwenn li ankò. Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi?
Matye 16:25-26
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris