BAY: SA SE SEKRÈ POU REYISI NAN LAVI A
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Nan jounen jodia, nou wè toupatou plizyè moun egoyis kote ke yo panse sèl nan sa yo va resevwa. Lè yon moun rive nan kondisyon sa a, li tounen yon moun tyèd nan lafwa, sa vle di, yon moun ni cho ni frèt. E sa ki pi rèd la se ke kalite moun sa yo konvèk tèt yo, yo byen avèk Bondye, tandiske yo ap mache nan direksyon lanfè san yo pa okouran de sa. Vin aprann nan meditasyon sa, sekrè pou ou reyisi nan lavi a e ki jan yon moun ka kite tyèd nan lafwa yo.
« Mwen konnen tou sa w’ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou kyèd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. W’ap plede di: Mwen rich, zafè m’ ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdyab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! »
Apokalips 3:15-17
« Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l’, nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou. »
Lik 6:38
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris