thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BATÈM NAN DIFE A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nou konnen sou batèm nan dlo a ki se pou moun ki repanti tounen vini bò kote Bondye, Nou tande sou batèm nan Sentespri a ki se pouvwa Bondye moun yo resevwa atravè Jezi ki batize nan Lespri li. Men, Jan Batis te di nou sou Batèm nan Dife a:

Mwen menm, mwen batize nou nan dlo, pou fè wè nou tounen vin jwenn Bondye. Homens, moun k’ap vin apre mwen an gen plis pouvwa anpil pase m ‘. Mwen pa bon ase menm pou m ‘ta wete sapat ki nan pye li. Se li menm ki va batize nou nan Sentespri ak nan dife. Matye 3:11

Kisa li ye?

Lè nou fin resesvwa Batèm nan Sentespri a, menm jan, apre Senyè Jezi te resvwa batèm nan dlo e nan Sentespri a, Lespri Bondye te kondwi li jiska nan dezè a, menm bagay la tou pase nou apre nou resevwa batèm nan Sentespri a. Akòz revòlt Satan paske ou resevwa So Bondye a sou ou, li va leve pèsekisyon, tribilasyon e yon pakèt lòt bagay pou eseye fè ou tonbe nan chemen an. Batay sa a nou rele Batèm nan difè a. Se nan moman sa a fòk ou sonje sa apòt Pòl te di:

Nou pa manke kontan menm lè n’ap soufri. Poukisa? Paske nou konnen lè n’ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa. Espwa sa a p’ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l’ renmen nou lè li ban nou Sentespri li. Women 5:3-5

Li pa pale sou ou rekòlte yon bagay mal paske ou plante sa ki mal. Li te di sou ou travèse tout bagay sa yo paske ou vle sèvi Senyè a jiska lafen. Lè sa a, pa bay kò ou traka si ou pase tout bagay sa yo, sa va fè ou evolye nan lafwa ou, sa va fè ou vin pi fò, esperyans sa ap fè ou gen matirite nan lavi espirityèl ou.

ANN GADE VIDEYO KI ANLÈ A AFENKE OU KA GEN PLIS KONPREYANSYON OSIJÈ SA…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo