ANN VOYE TOUT SA KI ANTRAVE NOU JETE...
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Tankou nou te gentan deklare anvan, Bondye pa gen pwoblèm avèk yon moun ki sèvi li vin rich. Si m te ka di sa, li jiska bezwen yo gen bon kondisyon materyèl, paske se atravè lavi yo, li ka fè zèv li a avanse sou latè. Se atravè moun sa yo li ka gaye levanji la toupatou nan lemonn.
Pi gwo pwoblèm ki genyen la se ke an jeneral, moun yo kite lajan ak richès pran tèt yo, epi konsa, yo pèdi fokis prensipal ki se viv nan depandans Bondye, sètadi, gen yon fèm konviksyon ke tout sa nou bezwen an ap vini soti nan men Bondye. Malerezman, gen moun ki pèdi nan chemen an, kèk nan yo se moun ki tap fè travay pou Bondye. Se poutèt sa, depi ou gen objektif sèvi Bondye, fè li konfyans ke li ap ba ou yon bon mezi ki va satisfè nesesite ou yo, dapre volonte li.
Konsa, nou la nan mitan foul moun sa yo ki te moutre jan yo te gen konfyans nan Bondye. Ann voye tout bagay k’ap antrave kous nou jete byen lwen, ansanm ak peche a ki fasil pou vlope nou. Ann kouri avèk pasyans nan chemen Bondye mete devan nou an. Ebre 12:1
Ann chita pale plis sou sa nan videyo a…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris