ALYANS NAN SYÈL LA
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
ALYANS NAN SYÈL LA
Chak fwa lakansyèl parèt nan syèl la, li montre nou ke Pawòl Bondye a pa ka febli.

Nan dezyèm semèn ke yo pase FEYTON SOU LIV JENÈZ nan Record TV nan Brezil, nan pati kote Bondye fè alyans avèk Noe ak tout èt vivan yo, te parèt nan syèl la, akansyèl nan fòm yon alyans. Plizyè moun pat byen konprann poukisa li te parèt nan fòm sa a, sepandan fim nan te fè li nan yon fason ki evidan ak korèk! Nan kote yo te ye a ki se te yon montay ki wo anpil, montay ki rele Arara, se egzakteman nan fòm yon sèk li parèt nan syèl la e pa kòm nou konn wè depi tè a. Sa posib ou wè atravè videyo reyèl moun ki te vizite mòn sa te fè ( sa enpòtan anpil nou remake ke nan gwo pati lemonn, yo rele li « Ak-iris » sepandan nou pa itilize tèm sa, paske yo soti nan paganism oswa vye relijyon payen ki te fè yon omaj a yon entite ki rele « Iris », men sa se yon kreyasyon ki pa pou li. Sa se yon ak pwòp Bondye te kreye li kòm yon Ak Alyans avèk Bondye Vivan an).
Lè yon avyon ap monte nou ka wè reyèlman kouman li fèt nan syèl. Atè nou ka wè sèlman mitan sèk la akòz Latè se yon planèt wonn, sepandan nan pwennvi Bondye a, sa se yon sèk konplèt, tankou yon alyans.
M sonje ke li te di toujou ta pral mete Ak sa a nan syèl, pami nyaj yo, afenke chak fwa lezòm te gade li, yo ta pral sonje alyans li te fè avèk lezòm ak zanimo yo:
M’ap mete lakansyèl mwen nan syèl la. Men siy m’ap ban nou pou kontra mwen pase ak latè a. Chak fwa m’a fè nwaj yo konmanse sanble, lakansyèl la va parèt nan syèl la. Lè sa a, m’a chonje kontra mwen te fè avèk nou ansanm avèk tout kalite bèt vivan yo. p’ap janm gen gwo inondasyon an
kò ki pou detwi tout moun ak tout bèt k’ap viv sou latè. Lè lakansyèl la va parèt nan syèl la, m’a wè l’, m’a chonje kontra mwen te pase pou tout tan ak tout moun ansanm ak tout kalite bèt k’ap viv sou latè.
Jenèz 9:13-16
Gade yon Bondye fidèl, mezanmi! Li pa gen pwoblèm nan memwa li pou fè li bliye, li pa bezwen yon moun pou fè li sonje nenpòt kisa, men li fè kesyon mete yon Ak nan syèl pou tounen yon siy evidan ke pa gen posibilite li febli nan pwomès li te fè yo. Lakansyèl montre nou ke pawòl Bondye a pap janm veyi, li pap ka febli. Menm jan li te pwomèt nan liv Jenèz la, li kenbe jiska nan jounen jodia epi li pap janm bliye okenn pwomès li te fè yo.
Lè nou gade lakansyèl depi Latè, nou wè sèl mitan alyans lan. Sa bon anpil nou sonje pati pa nou nan fidelite ak alyans nou genyen avèk li. Sa bon nou sonje ke nan pwennvi Bondye a, li ap gade yon alyans konplèt. Pwomès Bondye yo pap janm veyi ak pap janm fini.
Alyans sa a te pase nan tan lontan, men pou Bondye se kòm si li te fè li yè. Se konsa, fòk nou aji avèk li, menm si premye alyans nou te fè avèk li genyen anpil tan, pa gen pwoblèm sa ki te pase nan mitan chemen an, fòk nou aji kòm si nou te fè alyans avèk li yè a, kòm si nou marye avèk Senyè Jezi a yè a. Paske pawòl nou bay sou lotèl la se yon bagay fòk nou kenbe jiska lafèn, li pa veyi, li pa ka febli.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris