ALA GWO LENJISTIS, MEZANMI!
Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y'ap rele nan pye l' lajounen kou lannwit?
Bon! Eske Bondye pa ta regle zafè pitit li yo, moun li menm li chwazi yo, lè y’ap rele nan pye l’ lajounen kou lannwit? Eske l’ap pran anpil tan pou l’ ede yo? M’ap di nou sa: L’ap regle zafè yo vit vit. Men, lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini, èske la jwenn moun ki gen konfyans nan Bondye ankò sou latè?
Lik 18:7-8
Lajistis se yon dwa pou moun chwazi yo, sepandan sa pa vle di lap vini otomatikman. Moun chwazi yo dwe manifeste lafwa nan pawòl Bondye a, yo dwe rele nan pye l lajounen kou lannwit sa yo pa sispann dapre sa Senyè Jezi a te di.
Nou pat janm wè yon moman kote nou bezwen jwenn lajistis nan men Bondye tankou nan denyè jou yo. M kwè nou viv nan yon moman apwopriye pou nou leve yon gwo rèl toupatou nan lemonn afenke Senyè a ka rann nou lajistis Divin.
Fòk nou wè diferans ant moun ki dwat yo e moun ki mechan yo.
Bondye toujou dwat, li pap kite moun li chwazi yo san lajistis, sòf si yo rete ak bra kwaze san yo pa fè anyen.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris