ABRARAM, OU MENM E PI GWO BENEDIKSYON!
Gade meditasyon sa pou jounen jodia...
Prensipal rezon ki fè Bondye ban nou Sentespri a se pa pou nou pale langaj, geri moun, pwofetize, etc. Men, li vle ban nou Lespri li paske li tèlman renmen nou epi li pa vle pèdi nou pou anyen. Menm jan li te bay Pitit la Sentespri a ki te fè li vini sou latè, pase tout bagay epi li te ale jiska lafen san li pa pèdi nan chemen an, sa se dezi Bondye Papa a.
Men, li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p’ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive. Jan 16:13
Sentespri a se So Bondye a ki konfime ak garatize ou prale jiska lafen, ou va viv ansanm avèk Bondye pou toutan. Si yon moun poko resevwa li, li pap resevwa li paske li vle oswa paske li bezwen, men fòk li peye pri a, fòk li anvi pliske tout bagay nan lavi li. Kidonk, lè Bondye wè tout lavi moun nan men li, li va wè ke moun sa pa gen yon lòt priyorite, se nan moman sa a ke li va resevwa batèm nan.
Ann fè yon ti pale sou sa nan videyo a…
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris