ABITASYON NAN SYÈL LA
Lè yo tap kalonnen Etyèn ak kout wòch, li pa tap gade wòch yo, men li te fikse je li nan syèl la...
« Jezi di yo: Pa kite bagay sa yo toumante nou. Mete konfyans nou nan Bondye, mete konfyans nou nan mwen tou. » Jan 14:1
« Pa kite bagay sa yo toumante nou » literalman vle di pa trouble nou. Touman se manke balans ak ekilib emosyonèl, absans lapè, sa se kòm si ou genyen yon toubiyon bagay kap trouble ou.
An jeneral, sa rive yon moun lè li pèdi kèk moun oswa yon bagay nan lavi li. Plizyè moun toumante akòz yo panse yo pap janm wè moun, pozisyon, yon tit, pouvwa ke yo te pèdi a ankò. Kidonk, yo pemèt laperèz, dout, konfisyon santiman yo pran tèt yo.
Disip Jezi yo te antre nan yon konfizyon emosyonèl ki grav anpil lè yo tande Senyè a di li taprale retounen bò kote Papa a.
« Pitit mwen yo, mwen pa la pou lontan ankò avè nou. Ala chache n’a chache mwen! Men, koulye a m’ap di nou sa m’ te di jwif yo deja: Nou pa kapab ale kote m’ prale a. » Jan 13:33
Ki vaksen (solisyon) genyen kont sa ki toumante moun yo?
« Lakay Papa a gen anpil kote pou moun rete. Mwen pral pare plas pou nou. Si se pa t’ vre, mwen pa ta di nou sa. » Jan 14:2
Senyè Jezi a pat bay manti lè li te di si nou te ka kwè, nou tapral geri moun ki malad yo, chase demon ak nou tapral resevwa batèm nan Sentespri a. Poukisa sanble li te bay manti kanta abitasyon nan syèl la ki se Delivrans ki pap janm fini an?
« Men Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l’ anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye. » Travay 7:55
Yo kalonnen Etyèn anba kout wòch, men li pat gade sa yo tap jete sou li yo, sepandan li te vire je li gade nan syèl la. Li te fikse je li nan abitasyon ki nan syèl yo, e pa nan pwòp lavi ki nan lemonn sa. Li te valorize sa ki pap janm fini an e meprize sa ki tanporè.
Nou dwe toujou itilize lafwa entelijan e panse konsa: « Sa kap pase avè m nan, sa m ap pèdi a se pa anyen pa rapò ak abitasyon Jezi pare pou mwen an. » Sa se lafwa ki andan Etyèn.
Mezami, ann mete konfyans nan sa!?
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris