4yèm mach pou rive sou lotèl se pou nou pwoche bò kot BonDye ak tout kè nou...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
Ebre 10:22
« Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita… »
1 Samyèl 15:22-23
« 22 Lè sa a, Samyèl di l’ konsa: – Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k’ap ofri bèt pou boule nan dife, k’ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k’ap fè sa li di l’ fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l’ fè a pase pou l’ touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l’ ofri bèl belye chatre pou Seyè a.
23 Dezobeyi Bondye nan sa l’ mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l’ wè avè ou ankò! »
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris