thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LI TE FÈ MONIMAN POU TÈT LI

Li tap chache avèk moniman sa a ranmase moun pou swiv deyè li afenke yo te ka sipòte li nan fason li tap twonpe tèt li...

Imagem de capa - LI TE FÈ MONIMAN POU TÈT LI

Gade sa ki ekri nan bib la:

…Sayil t’ ale lavil Kamèl, kote li fè bati yon moniman pou tèt li… 1 Samyèl 15:12

Si nou fè yon ti analiz, nou ka wè ke menm bagay Sayil te fè nan tan lontan, moun yo konn fè avèk rezo sosyal kote yo leve yon moniman, sa vle di, yon imaj oswa foto pou sa vini yon bagay ki ka twonpe tèt yo e anmenmtan anpil moun… (2 Timote 3:13)

Gen anpil moun ki sèvi ak rezo sosyal pou pwopaje tèt yo kòm si li te yon moniman pou yo menm epi nou konnen sa pa gen anyen pou wè avèk Senyè a.

Sa ki fè moun sa yo bite nan lafwa, nan sans sa, se ke imaj sa yo kapab fè anpil moun swiv deyè yo nan rezo yo ki kapab fè moun nan vin awogan ak panse li pi bon pase lòt yo, sa ka fè yo chaje logèy epi yo pran yon bon distans de Bondye. Nan lafen yo panse yo bon paske yo gen anpil folowè, sipòtè, admiratè, kèlkeswa yo ye.

Sa yo fè nan rezo sosyal yo sanble yon bagay ki bon, men gen yon ti trabay dyab ladan li kote ke moun yo konn montre yon bèl imaj ki fè pèp ki gade li a kontan, sepandan, sèlman Bondye konnen entansyon ki kache deyè imaj la epi, an jeneral yo konn montre yon bagay ki pa reyél ditou!

Poukisa, Sayil te gen nesesite pou leve yon moniman pou tèt li? Èske se pa pou li montre aparans ki tout bagay tap soti byen devan pèp la? Epi se pa sa nou wè nan jounen jodia a? Moun ki te deside travay pou Bondye pou tout lavi yo epi yo vire do ba li, epi sa ki te ankouraje yo fè sa se pa popilarite nan rezo yo ki konn fè yo panse yo anfòm tandiske yo lwen Bondye?

Sa se yon gwo avètisman pou ou evalye sa ou fè nan rezo sosyal yo, si yo fè ou byen oswa si yo mete ou lwen Bondye…