thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

ALYANS AVÈK BONDYE, TRE WO A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Pawòl Bondye a gen Lespri ladan li. Sepandan nou wè plizyè moun ki kenbe bib la sèl pou yo chache konesans biblik ak vante sou lòt moun ap montre jan yo konn pale sou sa ki ladan li. Konesans biblik san Lespri pa itil anyen, sa sèvi sèl pou kreye diskisyon san sans, kreye kont pami kretyen yo e fòme plizyè fanatik relijyon. Poutan, si ou vle chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la ak rete kache anba zèl Bondye a tou, fò ou premyeman konnen, obeyi ak mete pawòl Bondye a an aplikasyon. Ann medite sou sa afenke ou ka aprann ki jan ou ka rejwi nan tout pwomès ki nan pawòl Bondye a.

« Moun ki chache pwoteksyon bò kote Bondye ki anwo nan syèl la, moun ki rete kache anba zèl Bondye ki gen tout pouvwa a ka di Seyè a: -Se ou ki tout defans mwen. Se ou ki tout pwoteksyon mwen. Ou se Bondye mwen. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. »

Sòm 91:1-2

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo