thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

kò nou pral tounen pousyè latè, Lespri nou menm ap tounen jwenn BonDye ki te ban nou l' lan...

Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...

E Nanm nan, ki kote li prale? chak moun gen pou chwazi!

Matye 16:25
« Paske, moun ki ta vle sove lavi l’ va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l’ poutèt mwen, li va jwenn li ankò. »

Eklezyas 12:6-7
« 6 Wi, pa janm bliye Bondye ki fè ou la anvan ti chenn an ajan an detache sot tonbe, anvan bòl an lò a tonbe kraze, anvan kalbas dlo a kraze miyèt moso, anvan so a kase.
7 Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l’ te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l’ lan. »

Romen 8:16-18
« 16 Lespri Bondye a bay lespri pa nou an lasirans se pitit Bondye nou ye.
17 Si se pitit Bondye nou ye, nou gen pòsyon pa nou nan eritaj Bondye te pwomèt moun pa l’ yo, n’a resevwa pa nou ansanm ak Kris la nan tou sa Bondye te sere pou li. Paske, si nou soufri ansanm ak li, n’a resevwa lwanj nan men Bondye ansanm ak li tou.
18 Pou mwen, nou pa ka konpare sa n’ap soufri koulye a ak bèl bagay Bondye pral fè nou wè yo. »

imagem do author
Contributeurs

Evèk Macedo