M'ap pase ak yo yon kontra k'ap garanti yo kè poze... M'ap beni yo, m'ap ba yo bèl lapli...
Gade meditasyon sa pou jounen jodi a...
« 25 M’ap pase ak yo yon kontra k’ap garanti yo kè poze, m’ap fè tout bèt nan bwa disparèt nan peyi a. Konsa mouton m’ yo va rete san pwoblèm nan savann yo, y’a dòmi nan rakbwa yo.
26 M’ap fè yo rete tout bò ti mòn ki apa pou mwen an. M’ap beni yo, m’ap ba yo bèl lapli lè pou lapli tonbe. » (Ezekyèl 34:25-26)
« 9 Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li. » (Sòm 68:9)
« 18 Apre sa, li lapriyè ankò. Lè sa a, syèl la louvri, lapli tonbe, latè bay bèl rekòt. » (Jak 5:18)
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris