thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SAKRIFYE PECHE YO x SAKRIFYE DEZI YO

Lè yon moun vin konvèti, sa se premye bagay li fè...

Imagem de capa - SAKRIFYE PECHE YO x SAKRIFYE DEZI YO

Lè yon moun vin konvèti, premye bagay li fè a se sakrifye tout peche li yo.

Si li te konn kouche avèk mennaj li oswa li te konn fè bagay imoral anvan, li imedyatman sispann fè sa. Si li te konn voye oswa resevwa imaj pònografi, si li te konn kale kò pou tire foto e mete nan rezo sosyal li yo pou li te ka atire atansyon tout moun pou jan kò li ye a, li pa fè sa ankò. Si li te konn tande mizik ki gen gwo mo ladan li tankou  « Funk » oswa kèlkeswa lòt tip mizik ki fè pwomosyon pou sansyalite, bagay imoral, vanite, fè apoloji pou moun fè rebèl ak vyolans, li abandone tout bagay sa yo nan konvèsyon li.

Anfen, li sakrifye tout atitid ki mennen li tonbe nan peche.

Men, si nou panse byen, tout sakrifis yo fè pou Bondye, an reyalite, sa se pou pwòp byen yo, epi atitid sa ba yo pwoteksyon e fè yo chape anba plizyè tèt chaje, jiska bagay yo te travèse anvan lavi ak Jezi.

Poutan, lè nou sakrifye peche nou yo, nan lòt sans, nou fè sa ki bon pou nou menm.

Plizyè kretyen renmen di yo konn sakrifye lavi yo bay Jezi sèlman nan bouch yo. Se pou rezon sa a, nou ka wè yon gwo diferans pami kretyen yo.

An reyalite, sèlman kretyen ki sakrifye tout peche yo, menm jan an tou, yo sakrifye tout RÈV, DEZI, AVNI AK VOLONTE YO, ki se moun ki reyèlman sakrifye tout lavi yo bay Jezi. Se moun sa yo ki va jwenn gras nan men Sentespri a!

Yo se moun ki pèdi lavi yo nan lemonn pou yo genyen nan peyi kote Bondye Wa a, nan syèl la. Yo se vre SEVITÈ, sa vle di, vre sevant, paske yo nonsèlman rejwi nan benefis ki soti nan lafwa, men yo sèvi Bondye tout bon atravè lafwa yo.