BATAY NAP GOUMEN CHAK JOU A!
Nou pa ka imajine kantite fwa movezespri vle pran nou nan pelen...
Nou pa ka imajine kantite fwa movezespri vle pran nou nan pelen. Ann gade sa:
Paske, se pa ak moun nou gen pou nou goumen. Men, se ak move lespri ki nan syèl la, ak chèf, ak pouvwa, ak otorite k’ap gouvènen nan fènwa ki sou latè a. Efezyen 6:12
Nou nan mitan yon batay konstan ki envisib, men li reyèl. Nou pa ka fè yon ti lide sou jan lespri ki soti nan fenwa vle pran nou nan pelen yo lajounen kou lannwit. Yo gen entansyon pou detwi nou nèt epi fè non Senyè Jezi a wont, anplis de sa, yo vle mennen nou tout ale nan lanfè.
Lè sa a, bagay ki inespere rive nou: Pwoblèm ekonomik, maryaj, fanmi, sante… Gen kèk fwa, sa kap rive nou se okontre, bagay ki gen aparans benediksyon, ki va ban nou kè kontan, plezi, sepandan avèk entansyon pou fè nou relaks nan lafwa nou e nan kominyon ak Bondye. Tout bagay sa yo vini kòm estratèji dyabolik la pou konbat nou.
Kidonk, kijan pou nou goumen kont tout bagay sa yo?
Se poutèt sa, depi koulye a, pran tout zam Bondye bay yo. Konsa, lè move jou a va rive, n’a ka kenbe tèt ak lènmi an. Lè batay la va fini nèt, n’a kanpe la byen fèm nan pozisyon nou toujou. Pare kò nou: mare verite a tankou yon sentiwon nan ren nou. Pwoteje nou ak jistis Bondye a tankou plak pwotèj sòlda yo mete sou lestonmak yo pou pwoteje yo. Pou soulye nan pye nou, mete aktivite pou anonse bon nouvèl k’ap fè moun viv ak kè poze a. Toujou pran konfyans nou gen nan Bondye a tankou yon defans ki va penmèt nou pare tout flèch Satan an ap voye tou limen sou nou. Resevwa pouvwa Bondye k’ap delivre nou an tankou yon kas an fè nan tèt nou. Asepte pawòl Bondye a tankou yon nepe Sentespri a ban nou. Pandan n’ap fè tou sa, pa janm bliye lapriyè. Mande Bondye konkou li. Lapriyè nan tout sikonstans avèk pouvwa Sentespri a. Se poutèt sa, pa kite dòmi pran nou, kenbe fèm nan sa n’ap fè a. Lapriyè pou tout pèp Bondye a. Efezyen 6:13-18
Sa vo lapenn nou sonje ke dyab la travay nan yon fason sitil epi li espere nou distrè ak kèk bagay afenke si nou febli li va atake nou.
Senyè Jezi te gentan avèti nou:
Pa kite dòmi pran nou, lapriyè tout tan; konsa n’a gen fòs pou n’ chape anba tou sa ki gen pou rive, pou n’ ka kanpe dwat devan Moun Bondye voye nan lachè a. Lik 21:36
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris