KONVÈSASYON SENSÈ
Te manke yon sèl jou pou fini Jèn Danyèl epi m potko resevwa Batèm nan Sentespri a...
Sa se yon gwo privilèj gade chak meditasyon Evèk la chak jou.
Gen yon moun ki di sa epi m pral pataje sa li te di a:
M sonje kòm si jodia, jou m te resevwa batèm nan Sentespri a. Te manke yon sèl jou pou Jèn Danyèl fini epi m potko resevwa batèm nan.
Mwen te renonse tande mizik ki pa gen rapò ak bagay Bondye, m te sispann gade feyton ki se te yon bagay m pat bay vag, men tap manke yon bagay ki prensipal epi m te konnen ki sa li ye lè m te gade meditasyon evèk la fè chak jou.
Lè lè midi a rive, m te sispann tout bagay pou m ka tande meditasyon an epi m te tris paske Jèn an pre pou fini epi mwen men pat resevwa anyen nan 20 jou ki te sot pase la yo.
Sepandan mwen te swaf anpil epi m tande evèk la di: « Kenbe yon chez kote ou ye epi pale avèk Bondye tankou map pale avè ou nan moman sa a! Lè sa a, di l sa ou genyen nan kè ou, piga ou repete lapriye, non! »
Lèfini, m te obeyi epi lè m tonbe ajenou e komanse pale avèk Bondye, m te sonde tèt mwen epi m te wè jan kè m nan te sal anpil epi m te konstate poukisa m potko resevwa batèm nan Sentespri a.
Nan moman sa a, m te fè yon netwayaj nèt andan kè mwen. Mwen pat janm pale konsa avék Bondye, men li te la, li tap espere m avèk de bra li ouvè pou resevwa m.
Ala gwo lajwa! Ala gran lanmou! Ala kouman li pran swen nou, mezanmi!
Mwen te fè yon gwo esperyans avèk Jezi. Ala gwo jou sa te ye pou mwen!
Jiska jodia m santi m kontantman sa a, yon gwo lajwa andan tèt mwen. M te sispann viv pou mwen, kounye a, se Jezi kap viv andan tèt mwen!
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris