SA M TE APRANN AVÈK JAKÒB KI TE KONN MEPRIZE LEYA
Jakòb pat fè okenn lide sou benediksyon Bondye te pare pou li an...
Jakòb pat fè okenn lide sou sa Bondye te gentan pare pou li an lè li te marye avèk Leya, egzakteman paske li kite emosyon ki nan kè li yo dirije lavi li. Li te tonbe nan santiman pasyon akòz bote Rachèl, se sa ki fè, li te meprize benediksyon ke Bondye te rezève pou li.
Li te anvi gen yon lavi beni tankou Izarak, papa l la te ye, men li lwen pou rive yon benediksyon konsa. Malerezman, anpil moun aji menm jan an tou!
Bondye gen yon bèl benediksyon espesyal pou moun nan, youn ki tapral bay lavi l sans, sepandan, paske li vle fè nan jan pa li e pa nan jan pa Bondye, li ka fin pèdi sa ki pi wo nan men Bondye.
Se sa kè kwonpi lezòm fè yo aji. Yo panse ke yo merite sa yo vle, men kè yo fè yo santi ke sa yo va resevwa nan men Bondye two piti pou yo. Lè sa a, yo pase plizyè ane nan soufrans ap bay zorèy pou sa ki soti nan kè a epi yo inyore sa ki soti nan Lespri Bondye ki konnen sa ki pi bon pou nou.
Moun sa yo ap tande lavwa ki soti nan emosyon kè yo jiska yo konprann ke si yo vle tounen pwòp benediksyon tankou Abraram ak Izarak, fòk nou inyore sa ki soti nan kè a epi nou bezwen tande ak obeyi lavwa Senyè a.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris