LI REJTE BONDYE TRE WO A
Sayil te dezobeyi Bondye epi li atire sou li kolè Bondye a...
Sayil te atire kolè Bondye a sou li. M swete ke tout moun ki li vesè sa yo ka reveye krentif andan tèt yo.
Samyèl di l’ konsa: -Pe bouch ou, tande! Kite m’ di ou sa Seyè a te vin di m’ lannwit lan. Sayil di li: -Pale non! Samyèl di li: -Atout yon lè ou te rekonèt ou pa t’ anyen, jòdi a se pa ou menm ki chèf tout branch fanmi pèp Izrayèl la? Se pa Seyè a menm ki te chwazi ou pou wa pèp Izrayèl la? 1 Samyèl 15:16-17
Bondye te fè Sayil sonje kiyès li te ye, menm jan Bondye fè nou sonje ki jan nou rive nan legliz la, nou te konn santi nou tankou sa ki pi sal sou latè epi li te transfòmen nou, pou nou ka sèvi li.
Poukisa ou pa koute sa Seyè a te di ou? Poukisa ou lage kò ou sou sa ou te pran nan men lènmi ou yo, epi ou fè sa ki pa fè Seyè a plezi. 1 Samyèl 15:19
Sa yo te pran nan men lènmi yo reprezante tout sa ki gen valè nan je lezòm, konsa gen moun ki fikse je nan sa ki gen valè nan je lezòm epi yo fè sa ki pa fè Bondye plezi. Lè yo rann yo kont, yo deja lwen, yo deja deyò travay Bondye.
Dezobeyi Bondye nan sa l’ mande ou fè a se menm bagay ak fè maji. Fè tèt di ak Bondye se menm bagay ak sèvi zidòl. Enben, ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Li pa gen anyen pou l’ wè avè ou ankò! 1 Samyèl 15:23
Sayil rejte pawòl Bondye a. Nan jounen jodia, nou wè plizyè moun kap fè menm bagay, pastè, evèk, dirijan, ouvriye, etc. ki rebele kont bagay apa pou Bondye tankou Datan, Kore ak Abiran te fè nan tan lontan.
Samyèl di li: -Non, mwen p’ap tounen avè ou. Paske ou voye pawòl Bondye a jete, Seyè a wete ou nan plas wa a, li voye ou jete tou. Samyèl fè sa li vire pou l’ ale, Sayil kenbe rad li, rad la chire. Samyèl di li: -Seyè a rache gouvènman peyi Izrayèl la nan men ou jòdi a. Li rale l’ nan men ou. Li pral renmèt li bay yon lòt moun ki pi bon pase ou. 1 Samyèl 15:26-28
Nan moman sa a, Sayil wè l fini mal nan wayòm li. Li « tande bri » lè wayòm li rache. Nou menm antanke moun ki fè travay pou Bondye, gen yon ministè tankou si nou te ka di ou, yon wayòm. Si nou dezobeyi epi si nou vin alèz nan lafwa, sa vle di, parese nan lafwa a, pa konsekans, Bondye va rache ministè nou. Se pou Bondye gen mizerikòd pou nou tout afenke nou pap tonbe nan eta sa a.
Seyè a di Samyèl konsa: -Kilè w’a sispann gen lapenn pou Sayil? Se mwen menm ki voye l ‘jete pou l’ pa wa pèp Izrayèl la ankò. Plen ti poban ou lan lwil. Leve ou ale. M’ap voye ou lavil Betleyèm, kay yon nonm yo rele Izayi, paske mwen chwazi yonn nan pitit gason l ‘yo pou vin wa. 1 Samyèl 16:1
Sa tris anpil, lè nou pèdi yon solda ki goumen batay Senyè a ansanm avèk nou, sepandan, se pa yo ki abandone zèv Bondye a, an reyalite, se pwòp Bondye ki rejte yo epi li voye yo jete. Li ap prepare lòt ki pi bon pase yo, pou yo ka sèvi li nan yon fason ki pi bon.
Kounye a la, fè yon ti medite sou sa, yon moun ki te pase tout lavi li nan sèvis Bondye epi nan lafen yo konsidere yo pa plis ke yon bourik Balaram kote ke yo va tande nan bouch Senyè pawòl sa:
…Mwen pa t’ janm konnen nou. Wete kò nou sou mwen, nou menm k’ap fè sa ki mal. Matye 7:23
SE POU BONDYE GEN MIZERIKÒD POU NOU TOUT!
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris