thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SA BONDYE TE YE, SE SA PAWÒL LA TE YE TOU...

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Piga ou apiye lafwa ou nan lezòm, kèlkeswa yo ye: evèk, pastè, pwofet, dirijan legliz, ouvriye, minis, diak, etc. Malgre yo ka entriman Bondye pou beni ou, men Bondye itilize yo pou akonpli sa li te di nan pawòl li a, e pa paske yo bon oswa yo merite. Poukisa ou pa ka depann de pesonn, malgre ou ka rejwi nan benediksyon Bondye ba ou atravè lavi yo? Paske yo tout gen defo, sa vle di, pa gen pèsonn ki pafè sou latè. Se pou rezon sa a, simante, apiye, baze lavi ou sou pawòl Bondye a. Tout sa ou bezwen ou va jwenn nan li. Kidonk, si ou pa endepandan nan lafwa ou, dyab la va itilize defo moun yo pou fè ou fikse je ou nan sa ki pa bon epi ou ap vin fèb nan lafwa.

Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Jan 1:1

Lezòm ka fè ere, jiska manke avèk nou, men Lespri ki nan Pawòl la pa janm fè sa. Li pat janm chanje. Si ou apiye lavi ou sou pawòl ki te la anvan tout bagay, nan moman detrès yo, se li menm ki va sipote ou ak fè ou kanpe jiska lafen.

Ann pwofondi nan sijè sa. Gade videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo