thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LESPRI KRIS LA SE KARAKTÈ LI ANDAN TÈT NOU

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Nan lavi avèk Jezi, sa ki pi enpòtan se pa sa ou fè, men sa ou ye a. Paske sa ou ye a gen pou l wè avèk karaktè ou. Sa ou fè pou Bondye kèlkeswa kote e nenpòt tit ou genyen se yon kado ki soti nan entelijans Bondye, nan lòt mo, se travay Sentespri a ki dwe reyalize sa ki ekri a. Se pou rezon sa a, ou konn wè moun tounen vini yon gwo enstriman nan men Bondye, men yo panse se yo menm ki fè tout mevèye sa yo epi yo chache felisitasyon ak lwanj nan men lezòm kòm si se yo menm ki merite oswa ki responsab pou tout bagay estraodinè Bondye te fè atravè lavi yo. Sepandan, nan jou ki pi pwoch retou Senyè a, nou wè moun konsa abandone travay Bondye ak vire do ba li, poukisa? Ann gade sa:

Jezi reponn li: Moun ki mete men nan yon travay, epi k’ap vire tèt gade dèyè, moun konsa pa ka sèvi nan peyi kote Bondye Wa a. Lik 9:62

An reyalite, moun sa yo pat janm resevwa Lide Kris la andan tèt yo, yo pat janm resevwa Batèm nan Sentespri a, yo pat janm moun pa Bondye, malgre tout bèl mevèy yo te fè. Mwen ka deklare sa baze nan sa apòt Pòl te di:

Kisa, atò, ki va fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou an? Soufrans ka fè nou sa? Osinon, kè sere? Osinon, pèsekisyon? Osinon, grangou, mizè, gwo danje, lanmò? Dapre sa ki ekri nan Liv la: Se poutèt ou, tout moun yo soti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y’ap mennen labatwa. Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an. Paske, mwen gen lasirans anyen pa ka fè nou pèdi renmen Kris la gen pou nou: ni lanmò, ni lavi, ni zanj Bondye yo, ni lòt otorite ak pouvwa ki nan syèl la, ni bagay ki la jòdi a, ni sa ki gen pou vini pita, ni pouvwa ki anwo nan syèl la, ni pouvwa ki anba tè a. Non. Pa gen anyen nan tout kreyasyon Bondye a ki ka janm fè nou pèdi renmen Bondye fè nou wè nan Jezikri, Seyè nou an. Women 8:35-39

Moun ki te gentan resevwa Batèm nan Sentespri a, yo gen fèm konviksyon nan sa, yo prale jiska lafen. Si nan yon fason oswa nan lòt yo pa rive jiska lafen, sa vle di, absoliman yo pa resevwa Lespri Senyè a, yo pa gen Lide Kris la nan yo.

Pa pase san ou pa gade videyo ki eklere sa pou ou…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo