ATITID NOU YO AP DEKLARE KI JAN YO KA NONMEN NOU
Atitid Jakòb la te fè Bondye te chanje non li ak nonmen li Izrayèl
Ann fè yon ti meditasyon nan vesè sa yo:
Nonm lan di: -Ki jan ou rele? Li reponn: -Jakòb. Nonm lan di l’: -Yo p’ap rele ou Jakòb ankò. Y’ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la. Jenèz 32:27-28
Nan vesè sa yo, nou ka wè ke atitid Jakòb la te fè Bondye ba li non Izrayèl.
Nan lang Ebre a, non Izrayèl (ISHRAEL) vle di:
ISH = Nonm
RA = Goumen
EL = Bondye
Paske li goumen avèk Bondye.
Lè li te fèt, li te resevwa yon non, Jakòb: moun ki kenbe nan talon pye yon lòt moun. Aparans Ezaou a te fè li resevwa yon non menm jan an tou: moun ki te plen ak pwal sou tout kò li. Se konsa yo te konn fè nan tan lontan.
Nan revelasyon apòt Jan te resevwa nan liv Apokalips la li di:
Tout moun ki va goumen jouk yo genyen batay la, m’a ba yo laman ki kache a. M’ap ba yo chak yon ti wòch blan ak yon lòt non ekri sou li, yon non pesonn pa konnen esepte moun ki resevwa l’ la. Apokalips 2:17
Moun ki va delivre yo, moun ki fèt yon dezyèm fwa yo va resevwa yon lòt non.
Pa rapò ak sa nou wè a la, se atitid Jakòb la ki te fè li resevwa yon lòt non.
Nan ka sa a, si li pat goumen avèk Bondye, li ta kontinye moun ki te kenbe nan talon pye frè li an, sa vle di, moun ki rete pa deyè, epi nan lafen, li tap pèdi tout bagay paske frè li te pre pou touye li akòz li te twonpe li nan kesyon dwa pou premye pitit la.
Konbyen moun ki rete pa deyè, yo pa janm rive lwen nan lavi yo?
Konbyen moun ke fwa pa yo a pa janm rive?
Konbyen moun jiska jodia yo pat resevwa batèm nan Sentespri a?
Tout atitid nou yo fè Bondye ban nou yon non tankou Jakòb resevwa.
Se pa Bondye ki chwazi beni yon moun nan fason aleyatwa, men li fè li anfas a tout atitid nou genyen devan li.
Se pou rezon sa a, moun ki aji tankou Jakòb ki renonse tout bagay, li vide tèt li epi li rete sèl avèk Bondye bò larivyè Jabòk la ak pwovoke yon reyaksyon pozitif nan Bondye ap resevwa yon Nouvo Non Bondye ap bay yo dapre atitid nou chak.
Ke Bondye beni nou tout ak tout fanmi nou yo.
Angle
Pòtigè
Panyòl
Franse
Italyen
Ris