thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

BONDYE SE PAWÒL ANGAJE AK SA KI REYALIZE PAWÒL ANGAJE A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. Se sa nou ka jwenn nan komansman liv Jan an. Bondye nap sèvi a pat yon Bondye ou ka touche, wè oswa santi li. Li se Pawòl la. Se Pawòl la nou tande, si nou obeyi li, se pwòp Senyè a ki nan pawòl sa, okontrè, sa se sèlman bagay ekri nan papye a.

Syèl la ak tout tè a va pase, men pawòl mwen yo p’ap janm pase. Lik 21:33

Bondye renmen moun ki kenbe pawòl la, paske li menm pat janm manke nan sa li di a. Se sa ki make bon jan karaktè Bondye a. Si ou vle soti byen nan tout aspè lavi ou yo, aprann kenbe pawòl la. Si ou vle byen marye, chache yon moun ki konn kenbe pawòl li a, si ou te gentan marye aprann chita pale avèk lòt moun ki nan relasyon sa a epi kenbe pawòl ou ak egzije lòt moun fè menm bagay avèk ou.

Ann antre nan sijè sa ak plis fòs nan videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo