thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SA KI NAN LIDE SENYÈ A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Lè Bondye transfòme yon moun, li resevwa tout sa ki nan lide Bondye nan tèt li. Kidonk, tout sa ki nan lide Bondye yo se pwòp Lespri li. Lè sa a, lè yon moun resevwa batèm nan Sentespri a, nou ka konkli ke moun sa a te resevwa tout sa ki nan lide Bondye.

Men, pi gwo pwoblèm nou wè nan jounen jodia se ke plizyè moun ap twonpe tèt yo epi yo di yo gen lide Bondye nan tèt yo, sepandan, sa pa fè okenn sans, paske kijan yon moun ka di li gen Lespri Bondye epi anmenmtan li konn bay manti, li viv nan pwostitisyon, adiltè, nan woule moun ak pase yo pa deyè, nan lòt sans, ki jan yon moun kapab viv nan fè Bondye plezi ak fè lachè a plezi anmenmtan? Li enposib. Moun sa yo se moun kyèd nan lafwa:

Mwen konnen tou sa w’ap fè. Mwen konnen ou pa ni cho ni frèt. Pito ou te cho osinon ou te frèt. Men, ou kièd, ou pa cho, ou pa frèt. Mwen pral vonmi ou soti nan bouch mwen. Apokalips 3:15-16

Se moun ki mele nan legliz yo kòm sèvitè de Dye, tandiske an reyalite yo se entriman satan pou twonpe moun ki fèb e pa veyatif pami nou.

Ann fè yon analiz pi pwofon osijè de sa nan videyo a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo