thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LESPRI, NANM AK KÒ A

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Sa enteresan anpil nou konnen ke tankou Bondye gen Trinite li ki se Bondye Papa a, Bondye Pitit la e Bondye Sentespri a, nou genyen trinite nou ki se lespri, nanm e kò a. Kidonk, Wa Salomon kite  ban nou enfòmasyon sitèlman enpòtan sou sa kap pase ak lespri e kò a, men li pat pale sou sa kap pase avèk nanm nan.

Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l’ te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l’ lan. Eklezyas 12:7

Konsa, nou ka konnen ke tout bagay materyèl ap peri sou latè, e konfòmeman ak sa ki ekri nan liv Apokalips la tout bagay sou latè, yon jou yo pral pran dife. Sepandan, ann gade sa Jezi te di sou nanm nan:

Kisa sa ta sèvi yon moun pou l’ ta genyen lemonn antye si l’ pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l’ gen lavi? Matye 16:26

Li gen yon valè ki pi wo pase lemonn antye, paske lap la pou toutan, tandiske kò a ap peri, lespri nou ap tounen jwenn Bondye, nou genyen yon nanm ki prale tou dwat nan syèl la oswa nan lafè, sa depann de kiyès moun nan sèvi pandan li vivan sou latè.

Ann antre fon nan etid sa a, nan videyo ki anlè a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo