thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

VE SE YON ANGAJMAN OSWA PWOMÈS OU FÈ DEVAN BONDYE

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Jakòb pat bezwen fè ve li te fè a, paske li te gentan resevwa benediksyon nan men Bondye atravè rèv li te fè a. Li te gentan genyen garanti ke Bondye tapral fè sa li te di papa papa li Abraram. Malgre tout bagay sa yo, li te deside fè yon ve ak Bondye. Sètadi, li nan yon fason lib te deside fè yon bagay pou onore Bondye epi Li te konsidere sa afenke li te ka fè Jakòb vini yon gwo nasyon.

Jakòb leve nan dòmi an, li di: -Wè pa wè, Seyè a isit la, mwen pa t’ konn sa. Msye vin pè, li di: -Isit la se yon kote pou moun respekte! Se pa lòt bagay, isit la se kay Bondye ak pòt syèl la. Jakòb leve byen bònè, li pran wòch li te fè sèvi l’ zòrye a, li plante l’ tankou yon bòn tè, li vide lwil sou li pou mete l’ apa pou Bondye. Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.) Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m’ap fè a, si li ban m’ manje pou m’ manje ak rad pou m’ met sou mwen, si l’ fè m’ tounen ak kè poze lakay papa m’, Seyè a va Bondye m’ vre. Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m’a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen. Jenèz 28:16:22

Ann gade plis sou sijè sa nan videyo a…

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo