thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

SENTESPRI A PRAL VINI SOU OU...

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Se pa tout moun ki se pitit Bondye. Se sèl moun ki soti nan Bondye, sètadi, moun ki fèt yon dezyèm fwa. Okontrè a, sa se enposib. Si sa pat konsa, epi nou te ka deklare ki tout moun se pitit Bondye, nou pa ta wè mond lan nan fason li ye a.

Sa ki te pase avèk Mari, manman Jezi a se yon senbòl ak sa ki tapral vini sou lavi tout moun ki depoze tout lavi yo nan men Bondye. Depi yo fè sa, yo resevwa totalite Bondye a ki se Lespri sou lavi yo a. Lè sa a, lè yon moun resevwa gwo kado sa nan men Bondye, li resevwa POUVWA pou l tounen PITIT BONDYE. Ann fè yon ti pale sou sa…

Zanj lan reponn li: Sentespri a pral vin sou ou; pouvwa Bondye ki anwo nan syèl la pral kouvri ou tankou yon lonbraj. Se pou sa tou, tipitit ki pral fèt la pral viv apa pou Bondye, y’a rele l’ Pitit Bondye. 

Lik 1:35

Men, sa ki te resevwa l’ yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. Yo pa t’ vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t’ soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.

Jan 1:12-13

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo