thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

LÈ TOUT BAGAY PA SOTI BYEN...

N ap travèse yon moman difisil kote plizyè moun ap pèdi tout bagay...

Imagem de capa - LÈ TOUT BAGAY PA SOTI BYEN...

N’ap viv yon moman difisil kote plizyè moun ap pèdi tout bagay. Yo pèdi sante, fanmi an, travay, komès, kay… An reyalite, anpil moun pat janm pase anvan, sa yo pase nan pandemi an epi gen kèk nan yo kap dekouraje nan lafwa devan tout bagay sa e jiska yo dekouraje ak lavi a.

Sa se yon bagay fasil pou yon moun kwè nan Bondye, lè tout bagay soti byen pou yo, lè yo pa gen pwoblèm. Men, se nan moman difisil nou bezwen itilize lafwa nou afenke nou ka simonte tout bagay ak genyen batay. Nou pap ka pèdi lafwa, paske se li menm ki kontekte nou ak Bondye. Si koneksyon sa kraze, sa vle di, nou ap pèdi tout jiska Delivrans lan.

Nan liv 1 Samyèl 30 nou jwenn yon istwa kote David te retounen apre yon batay mare nan lavil Ziklag la epi yo te jwenn lavil la kraze ak boule nèt pa moun Amalek yo. Lè sa a, yo te depòte pitit ak fanm yo kòm prizonye. Yo te pèdi tout bagay. Natirèlman, devan sitiyasyon sa, yo te tonbe antristès epi yo te kriye anpil jiska yo pèdi tout fòs yo nan amètim. Men David te chache fòs nan Senyè a.

Sa se yon bagay natirèl lezòm kriye devan chak bagay li pèdi nan lavi a epi sa se menm sitiyasyon nou ka wè nan pandemi an kote gen moun ki pèdi tout bagay. Sepandan, sa ki pa nòmal la se moun rete konsa toujou, nan fristrasyon, depresyon akòz pwoblèm yo. Sa bon anpil yo pran yon atitid devan tout bagay sa yo. Se egzakteman sa David te fè a. Li pat sèlman yon moun plen ak lafwa, men li te yon moun ki te gen atitid, ki fò devan pwoblèm yo, kidonk se sa ki te fè li yon gwo lidè.

Anpil moun nan moman difisil yo, yo fè egzakteman okontre a, yo abandone lafwa epi yo kite difikilte fè yo tonbe atè, yo deziste, yo fè bak. Si yo kontinye aji konsa, yo pap janm kapab leve kanpe ankò pou yo reyisi. Se pou rezon sa, nou wè anpil moun ki tonbe nan lafwa, moun ki soti legliz yo, moun ki revolte kont Bondye olye yo aji konsa kont move lespri yo. Olye yo al devan Bondye, yo al nan kay bòkò, bat kat, chache fo pwofèt, etc.

Poutan, nou bezwen chache fòs nan pawòl Bondye a, pran atitid lafwa epi chache sa nou bezwen sèlman nan men Bondye, paske se li menm ki tout defans, sekou nan moman detrès (Sòm 46:1)

David pat kite sikonstans sa fè li tonbe atè. Li te jwenn fòs nan lafwa li epi li te mete solda li yo ansanm epi li te al nan batay. Lè li rive nan teritwa ènmi li yo li di:

Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t’ chape, an wetan katsan (400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale. David sove dènye sa moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Li sove de madanm li yo tou. David mennen tout pitit fi ak tout pitit gason mesye l’ yo tounen ansanm ak tout bagay moun Amalèk yo te pran nan piyay yo a. Pa t’ manke anyen. Lèfini, li pran tout bann mouton ak bèf yo tou. Mesye yo t’ap pouse bèt yo devan, yo t’ap di: -Men, tou sa David pran pou li nan batay la. 1 Samyèl 30:17-20

Nou kapab byen obsève reyaksyon David la chanje tout sa yo te pase a. Li te rekipere tout sa li te pèdi yo, anplis de sa, li te konkèt plizyè byen moun Amalèk pou yo. Sa vle di, pat manke anyen nan sa li te pèdi. Menm jan an tou ap rive pou moun kap chache fòs nan Bondye ak pran atitid lafwa. Pa gen bagay piti oswa gwo ou te pèdi ke ou pa ta rekipere nan non Senyè Jezi.

M sonje konbyen fwa legliz la te pase moman difisil epi ki jan nou reyaji kont tout sa ki te tonbe sou nou. Nou pèdi anpil nan epòk sa, plizyè moun dekouraje, epi atravè telefòn nou fè yon transmisyon radio epi nou te pataje fòs lafwa pou tout moun. Bondye te ban nou viktwa sou tout ènmi nou yo epi li te ban nou pi plis pase sa nou te genyen anvan.

Reyasyon nou devan tout pwoblèm nan jounen jodia ap defini sa kap vini pou nou. Se pa sèlman kwè nan Bondye, di ou gen yon gwo lafwa, si nou pap pran okenn atitid.