thumb do blog Evèk Edir Macedo
thumb do blog Evèk Edir Macedo

VANITE...

Gade meditasyon sa pou jounen jodia...

Vanite nan sans espirityèl se yon karakteristik ki fè moun chache rekonesans ak felisitasyon pou tèt yo. Sa chofe yon kalite santiman nan kè moun nan ki fè li ti pa ti pa, gen kèk fwa sa ap rive rapid, yo vini awogan e plen ak lògey. Sa fè moun sa panse li pi bon pase lòt yo. Se pa sa ki te pase ak Lisifè lè li te zanj cheriben? Se pa menm santiman ak karakteristik sa ki te fè li tonbe ap tounen Satan, yon èt destitiye sou laglwa Bondye a? Epi, se pa sa kap fè plizyè moun tonbe nan lafwa menm andan legliz la? Annou antre pi fon nan sijè a pou nou gen plis konpreyansyon…

Samyèl di pèp la konsa: -Nou pa bezwen pè! Malgre nou fè bagay mal sa a, pa vire do bay Seyè a. Sèvi l’ ak tout kè nou. Pa vire do ba li pou n’ al sèvi sa ki pa Bondye. Yo pa ka ede nou, yo pa ka sove nou, paske yo menm yo pa anyen.

1 Samyèl 12:20-21

imagem do author
Contributeurs

Evèk Edir Macedo